LAUZA STORE HAÏTI

LAUZA STORE HAÏTI Placez vos commandes à LAUZA STORE HAÏTI. (509) 3196 2885

24/10/2025

Antoine Marc-Henry yo plis konnen sou non Marco Photo se youn nan figi enpòtan nan domèn fotografi nan site Lendepandans lan. Li fèt Gonayiv, 17 desanm 1990, pakou edikatif li kòmanse nan École Nouvelle (Madam Jera), li fè etid primè li nan École Cyr-Guillo (Kay Frè), epi etid segondè li nan Lycée Fabre Nicolas Geffrard.

Avanti li nan fotografi te kòmanse alantou 2012-2013, lè li te kwaze ak reyalizatè ayisyano-ameriken Wawa Paswa ki te mete l an kontak ak yon lòt jounalis Ayisyano-Amerikèn CORALIE SAINT-LOUIS ki te CEO nan TDN Media Network (The Diaspora Network Media). Se avèk kolaborasyon sa li te kòmanse travay kòm fotograf pou gran nò a. Pita, li resevwa kòm kado premye kamera li yon Canon T6i nan men CORALIE, ki te vin pouse l plis pou li mete tèt li nan fòmasyon pwofesyonèl. Marco te aprann tèt li atravè titoryèl, atelye sou entènèt (workshop) ak eksperyans sou teren.

An 2015-2016, li ofisyèlman lanse Marco Photo, ki vin tounen yon referans nan fotografi pwofesyonèl, patikilyèman nan zòn Gonayiv ak Okap. Marco Photo se yonn nan fotograf ki bay tèt li misyon pou mete bote sou kilti lakay atravè imaj li pran nan LAKOU VODOU yo(Soukri, BADJO ak SOUVENANCE), San nou pap bliye Bann Rara ak Kanaval. Li jere tou plizyè paj antrepriz sou rezo sosyal yo, li se atis pent, enfòmatisyen, diplome nan syans jiridik, antreprenè, e li envesti nan agrikilti.

Marco Photo sot ranpòte premye pri nan konkou fotografi anviwònmantal ak peyizajè UNESCO te òganize atravè yon pwogram ki rele TRANSCULTURA, kote te gen 64 kandida ki te soti nan 12 peyi nan mond lan. Sa ki te ba l dwa pou li al patisipe nan yon festival fotografi an Espay nan mwa jwen pase a, malerezman li pat rive ale akoz anbasad Espay pat deside bay viza.

Pou kounya Marco gen pwojè ouvè yon lekol fotografi nan vil Gonayiv pou fòme anpil jèn nan domèn fotografi a.

"FÈ L AK PASYON EPI PRENSIP, W AP JWENN REZILTA" se mesaj li pou jèn ki vle entegre domèn lan. Marco pa sèlman yon non, se yon pasyon, yon angajman epi yon sous enspirasyon pou anpil jèn.

Adresse

Delmas
6120

Téléphone

+50931962885

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque LAUZA STORE HAÏTI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à LAUZA STORE HAÏTI:

Partager